Fineray jounalis ayisyen Carl Dieudonné chante byen bonè maten samdi 7 me 2022 a nan legliz Ste Therése Petion ville.
Fineray sila chante san prezans yon manm nan klas politik la selon konsta yo, Carl Dieudonné ki te ap goumen an fas ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse bò kote opozisyon an pa rive jwenn menm yon vizit nan fineray li alevwa yon jèb flè pou remèsye li nan konba li tap mennen an.
Nap raple, Jounalis la avan lanmò li te lonje dwèt sou ansyen patwon li Rony Colin ki se otè maladi li a, yon maladi ki rive touye jounalis la.