Ansyen premye minis Claude Joseph fè konnen nan yon pòs li fè sou paj fesbouk li chèf gouvènman peyi Dayiti a, Ariel Henry, se yon enkonpetan k ap dirije yon gouvènman san misyon, san manda.
Doktè Claude Joseph ki se ansyen minis zafè etranje nan gouvènman Ariel Henry a, fè konnen soupson ki sou do Ariel Henry nan asasina Jovenel Moïse la fè l vin pi sinik.
« Tout moun wè aklè Ariel Henry se yon enkonpetan k ap dirije yon gouvènman san misyon, san manda. Rezilta 10 mwa gouvènans, zewo, selon doktè Claude Joseph.
N ap raple, depi dimanch lagè ant gang ak gang eklate nan kwadèmisyon, bit bwaye, chada elatriye kote plizyè dizèn fanmi kite kay yo, genyen ki mouri anba kout zam nèg ak zam alòske, bò kote pa l, doktè Ariel Henry pa janm di yon mo.