An Ayiti, nouvèl yo vin pi mangonmen chak jou ki pase. Lagè gwoup gang 400 mawozo ak baz chen mechan lakoz plizyè kouri kite kay yo ak yon pakèt lòt ki soti blese oubyen pèdi lavi yo.
Nan zòn laplèn, kwadèmisyon ak kèk lòt zòn ki anviwon yo se pa de, ni twa fanmi ki kouri kite kay yo pou yo pa viktim anba kout zam gwoup gang 400 mawozo ak baz chen mechan.
Yo se yon pakèt papa ak manman pitit ki gen timoun sou bwa yo ki al pran refij yo swa sou plas klèsin nan oubyen tou nan meri Taba a.
Lagè sa eklate dimanch ki sot pase a apre gwoup gang 400 mawozo te anvayi baz chen mechan nan zòn kwadèmisyon, bit bwaye ak kèk zòn nan alantou a.