Gouvènman defakto Ariel Henry, dirije a pap òganize kanaval nasyonal pou lane 2022 a. Otorite nan Leta yo pran desizyon sa akoz Kovid-19 la, ensekirite ak fon ki pa genyen nan trezò piblik la.
Pap gen kanaval nasyonal pou lane 2022 a. Gouvènman an plas a travè meri yo ap akonpanye DJ yo ak bann a pye k ap deside mete animasyon.
Desizyon sa pran akoz Kovid-19 la, nivo ensekirite a ki pa sispann mete latristès nan kè popilasyon an ak lajan ki pa ta genyen nan trezò piblik la, daprè yon sous nan pouvwa.