Seri sekous ak replik tranbleman tè a pa sispann souke nan depatman Nip, sa ki kreye anpil perèz lakay manm popilasyon an k ap viv nan depatman an.
Pandan lannwit 29 pou louvri 30 janvye 2022 a, plizyè sekous ak replik ki pase lakoz plizyè manm nan popilasyon nan gwo enkyetid ak seri sekous yo. Selon premye enfòmasyon ki disponib yo fè konnen sekous tranbleman tè ki pase maten dimanch 30 janvye a pase ak manitid 3.6, nan lè 4è 24 yo.
N ap fè remake, aprè sekous 5.3 lendi 24 janvye 2022 a depatman Nip pa sispann resevwa sekous tranbleman tè pandan tout semèn lan.