Bandi ak zam touye aprè mèkredi 19 janvye 2022 a, komisè polis Jean Ismay Auguste, ak tout madanm li Clotide Vilus ki t ap travay nan meri Kwadèboukè mouri anba bal bandi mèkredi 19 janvye 2022 a.
Selon enfòmasyon yo, polisye a te nan machin lan ak madanm li plis yon pitit fi li, ki resevwa yon bal. Aksyon sa rive nan moman viktim yo t ap pran wout pou retounen lakay yo.
N ap fè remake, zak ensekirite yo pa sispann taye banda nan peyi a kote depi plis pase yon lane depi se brav k ap frekante rantre Sid Kapital la, Matisan.