Avoka Altenor Fritz, tonbe anba bal jounen jedi 20 janvye 2022 a nan zòn avni Christophe.
Avoka a ki fè pati bawo Kwadèboukè a, mouri sou volan machin li, selon enfòmasyon yo se nèg sou moto ki komèt krim nan epi al fè wout yo san pwoblèm.
N ap siyale, aprè midi mèkredi 19 janvye a nèg ak zam te touye yon polisye ak tout madanm li nan komin kwadèboukè.