Nan yon entèvyou, FBI, bay ak jounalis radyo « Vwad Lamerik », nan peyi Etazini fè konnen youn nan prezime asasen defen prezidan Jovenel Moïse, Rodolph Jaar ekstrade mèkredi 19 janvye 2022 a, nan peyi Etazini.
Selon youn nan responsab, biwo federal investigasyon ki gen sig nan lang anglè (FBI), deklare » mwen ka konfime Rodolph Jaar nan men distri Sid Florid, e li pral akize ofisyèlman jounen jedi 20 janvye 2022 a nan lè 1è 30 yo devan lajistis pou sispisyon ki gen sou dol yo ».
Toujou daprè FBI, biznismann Rodolphe Jaar, ap gen pou parèt jounen jedi a devan jij federal Lauren Louis, ki nan Eta Miami.