Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, fè konnen li bezwen gwo asenal rafal zam ak misil pou defann peyi l, si tout fwa peyi Etazini ta menm menase pou anvayi teritwa yo a. Aprè yon misil, kite lanse mèkredi senk (5) janvye 2022 a, Pyongyang te deklare seyon misil ipèsonik.
Konsèy sekirite Nasyon Zini, ap gen pou reyini lendi 10 janvye 2022 a, plizyè peyi pami yo Etazini, Lafrans ak Wayòm Ini, kise manm pèmanan konsèy sekirite a, Iland ak Albani, kise 2 lòt manm ki te rantre nan fonksyon yo depi premye janvye a mete yo dakò pou gen yon seyans ki òganize sou sa kite pase nan peyi Kore di Nò te lanse a.
Nan lane 2017, peyi kite manm konsèy sekirite a te mete yo ansanm sou dosye lansman misil Kore di Nò yo, lè Pyongyang te fè plizyè tès misil nikleyè e yo te pran gwo sanksyon ekonomik kont peyi Kore di Nò.
N ap siyale, aprè lansman misil la mèkredi senk (5) janvye 2022 a, Etazin, Japon ak Kanada te kondane sak pase a epi raple ak Kim Jong Un ke li vyole plizyè trete ak konvansyon sou koze gwo zam lagè.
Dieuva Occidor