Entènasyonal Ajanten, Lionel Messi, teste pozitif ak maladi kowonaviris la, daprè anons klèb foutbòl li » Paris Saint Germain », pou anonse setyèm (7 èm) balon lò gen kowonaviris.
Malgre tès li a, Messi potel byen, men l ap rete tann yon lòt negatif ki pou di l kel pa gen maladi kowonaviris pou l kapab pran avyon pou vin nan peyi Lafrans. nan moman jounalis yo t ap poze antrenè ekip (PSG) a, kesyon sou maladi a li te reponn: » depi 2 lane n ap viv ak maladi a, men gen kèk bagay ke nou pap janm ka fin pran prekosyon avèl ».
N ap fè remake, depi maladi kowonaviris la ap fè ravaj nan mond lan se pou premye fwa yon meyè jwè mond lan teste pozitif.