Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la ki gen sig nan lang fransè (MENFP), Nesmy Manigat, nan yon twit fè konnen se edikasyon, metye ak opòtinite pou jenès la ki kapab elimine fenomèm kidnapin peyi a ap fè fas depi kèk tan an.
Fenomèm kidnapin ak ensekirite k ap taye banda nan sosyete a pa sispann mete dlo nan je pèp ayisyen. « Zam ka elimine yon kidnapè », daprè kwayans minis Nesmy Manigat.
Toutfwa, selon pwofesè Nesmy Manigat se sèl edikasyon, metye ak opòtinite pou jenès la ki kapab mete fen nan kidnapin nan.
« Envesti plis lajan nan edikasyon se envesti nan sekirite ak estabilite. Ayiti te pran angajman envesti omwens 20% bidjè nan edikasyon », fè kwè responsab MENFP la.