Pou pi piti sis (6) peyi gentan kontamine ak nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an, otorite nan Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), dekouvri jedi ven senk (25) novanm 2021 an nan peyi Afrik Sid.
Gouvènman « Sao Paulo » a, konfime jounen madi trant (30) novanm 2021 an, yo resanse de (2) ka kontaminasyon nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an. Selon otorite yo, de (2) viktim sa yo te gen kontak ak moun ki sòti nan Afrik Sid.
» wi nou konfime de (2) ka nouvo varyan kowonaviris « Omicron » an, se youn ki gen 37 ak 41 lane, moun sa yo te gen pwovnans peyi Afrik Sid », daprè sa nou li nan yon nòt gouvènman « Sao Polo » a, mete deyò.
N ap siyale, Afrik Sid, Itali, Kanada, repiblik Tyèk, Etyopi ak Brezil se non sis (6) peyi nan mond lan ki gentan kontamine ak viris » Omicron » an.