Bandi ak zam kidnape jounen madi 30 novanm 2021 an, ansyen majistra an aprè komin kwadèboukè a Jonas Sanit Juste.
Selon enfòmasyon yo, ansyen majistra nan ansyen administrasyon Rony Colin an, kidnape se nèg ak inifòm ki sanble de gout dlo ak lapolis ki fè aksyon an, nan moman li t ap mennen pitit li lekòl.
N ap siyale, aprè zak sa a plizyè sitwayen nan komin Kwadèboukè tanmen yon mouvman pwotestasyon pou mande liberasyon ansyen majistra Jonas Saint Juste.