Akèy / Atik / AYITI/ KILTI : KOUDÈY SOU KI KOTE RARA SOTI 

AYITI/ KILTI : KOUDÈY SOU KI KOTE RARA SOTI 

Jiskaprezan, anpil antwopològ, ougan, sèvite poko janm antann yo sou ki kote rara a soti vrèman. Lutch G. Bastien, youn nan fondatè « plen grennen rara » fè konnen, an Ayiti rara koumanse ak taynòs yo, endyen yo ki te toujou ap fete fèt solèy la, sitou rèn Anacaona ak Bohecio. Se nan menm epòk sila a, ak menm moun sa yo rara a pral koumanse ouvè zèl li sou bout tè a, patikilyèman nan depatman Latibonit.

Yon lòt kote, yon otè tankou Tidiri mede kwè rara soti depi nan Ginen, sa vle di depi nan rasin nou nan peyi Nago.

Rara se yon fenomèn kiltirel ki la pou mete anbyans, plezi sitou nan zòn andeyo yo.

Nan yon atik _Le nouveliste_ te pibliye, mesye Bonaventure te pale sou divès otè ki yo menm te wè rara nan fason pa yo. Pou li menm, orijin rara varye selon otè yo.

Genyen ki di se orijin afriken, genyen tou ki di se yon eritaj Tayino ki t ap viv anvan kolonizasyon, genyen tou ki fè konnen rara gen yon orijin kolonyal paske esklav yo te gen pèmisyon pou yo te danse, chante nan fen semèn ki vin apre kanaval mèt yo ( kolon yo) epi nan twa dènye jou semèn sent.

Anvan sa, rara te pote non « chayopye » paske nan epòk sa se te pye ak bouch moun yo ki te konn sèvi pou enstriman nan lide pou mete anbyans.

Sa ki sèten, menm si anpil save, antwopològ, ougan poko ka mete yo dakò sou ki kote rara a soti, li se youn nan pi bèl fèt popilè, tradisyonèl ki genyen nan peyi Dayiti.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:pap post

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

ASASINA ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ JEAN FRANTZO SOULOUQUE, PREMYE MINIS JOUTHE VOYE SENPATI LI BAY FANMI VIKTIM NAN.

Premye minis Jouthe Joseph deplore asasina enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque epi voye senpati li …